Matthew 24:22
Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li.
Cross References
Isaiah 6:13Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe pye kajou ak pye bwadchenn. Chouk la ase ki va rete. Chouk sa a va pouse ankò, pèp Bondye a va kanpe ankò.
Zechariah 13:8Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.
Matthew 22:14Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi.
Matthew 24:31Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.
Luke 18:7Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo?
Romans 11:25Frè m' yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre.