Proverbs 8:13
Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri. Mwen gen bon tèt pou m' konprann.
14Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa.
Cross References
1 Samuel 2:3Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè.
Psalms 5:4(05:5) Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou.
Psalms 101:3M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.
Psalms 119:128Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.
Proverbs 4:24Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.
Proverbs 6:16Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: