Isaiah 28:21
Paske Seyè a pral leve kanpe jan l' te fè l' sou mòn Perazim lan, li pral souke kò l' jan l' te fè l' nan plenn Gabawon an, pou l' fè sa li vle fè a, bagay nou pa ta janm kwè, pou l' fin fè travay li, travay nou pa ka konprann.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:21Seyè a va wete l' nan mitan rès moun pèp Izrayèl yo, l'a pini l' dapre madichon n'a jwenn nan kontra ki ekri nan liv lalwa Seyè a.
Joshua 10:11Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo.
2 Samuel 5:20David ale Baal Perazim.li bat moun Filisti yo. Lèfini, li di: -Tankou yon lavalas, Seyè a pase, li louvri yon pasaj pou mwen nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.
1 Chronicles 14:11David moute Baal Perazim, li kraze moun Filisti yo. Le sa a, David di: -Tankou yon lavalas, Bondye sèvi avè m' pou l' louvri yon pasaj nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.
Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Isaiah 29:14Se poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen.