1 Peter 4:11
Si yon moun ap pale, se pou l' pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l' ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 145:13Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
Jeremiah 23:22Si yo te la lè m' t'ap fè plan travay mwen an, yo ta fè pèp la konnen mesaj mwen voye ba yo a, yo ta fè pèp la kite vye chemen y'ap swiv la, yo ta fè l' sispann fè sa ki mal.
Daniel 4:34Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.
Matthew 6:13Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
Romans 3:2Tout jan, li gen anpil avantaj. Pou kòmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo.
Romans 12:6Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l' anonse mesaj ki sòti nan Bondye, se pou l' fè sa dapre lafwa li genyen an.