1 Peter 4:3
Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n' te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinaj, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 13:28Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.
2 Chronicles 15:8Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a.
Isaiah 5:11Madichon pou moun k'ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k'ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou!
Isaiah 65:4Lannwit, y' al nan simityè ak nan twou wòch pou fè sèvis pou mò ka di yo sa pou yo fè. Yo manje vyann kochon, yo bwè bouyon fèt ak vyann ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje.
Ezekiel 44:6Pale ak bann moun tèt di pèp Izrayèl yo. Di yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo. Mwen p'ap tolere ankò tout vye bagay derespektan yo t'ap plede fè yo.
Mark 7:22li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou.