1 Samuel 13:9
Lè Sayil wè sa, li di yo: -Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fè ofrann pou boule nan dife a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 12:6Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo.
1 Samuel 14:18Lè sa a, Sayil di Akija konsa: -Pwoche ak Bwat Kontra Bondye a isit. Li te di sa paske jou sa a se Akija ki t'ap pote bwat la devan pèp Izrayèl la.
2 Samuel 24:25Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann pou boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Seyè a tande lapriyè yo pou peyi a. Epidemi an sispann nan peyi Izrayèl la.
Psalms 37:7Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Proverbs 20:22Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.
Proverbs 21:27Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.