Deuteronomy 12:6
Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 17:3Si yonn nan moun Izrayèl yo touye yon towo bèf, yon mouton osinon yon kabrit nan kan kote yo rete a, ou ankò lòt bò limit kan an,
Numbers 18:15Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen.
Deuteronomy 14:22Chak lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l' apa.
Deuteronomy 15:19Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a.
1 Samuel 1:21Apre sa, Elkana moute lavil Silo ansanm ak tout fanmi li yo pou yo te ka fè ofrann yo gen pou yo fè chak lanne bay Seyè a, ansanm ak ofrann espesyal yo te fè ve bay Seyè a.
2 Chronicles 31:14Kore, pitit Jimna a, yon moun Levi ki te chèf gad nan Pòtay sou solèy leve Tanp lan, te reskonsab resevwa kado moun yo te ofri pou Seyè a paske yo te vle. Se li tou ki pou te separe ofrann yo te fè pou Seyè a ak pòsyon yo te mete apa nèt pou Seyè a.