1 Thessalonians 3:8
Se koulye a m'ap viv tout bon, paske nou menm, moun Tesalonik, nou rete fèm nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la.
Bib La
In The King James Version
For now we live, if ye stand fast in the Lord.
In Context
9Mwen pa konn ki jan pou m' di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m' kontan devan li.
Cross References
1 Samuel 25:6Men sa n'a di l': David, frè ou, voye bonjou pou ou ak pou tout moun lakay ou. Li swete tout bagay ap mache byen lakay ou.
John 8:31Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.
John 15:7Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.
1 Corinthians 15:58Konsa, frè m' yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Seyè a p'ap janm pèdi.
Galatians 5:1Se pou n' te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n' pa tounen esklav ankò.
Ephesians 4:15Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.