Numbers 23:21
Mwen pa wè okenn malè pou moun Jakòb yo. Ni mwen pa wè okenn traka pou moun Izrayèl yo. Seyè a, Bondye yo a, l'a avèk yo. Yo tout kontan, y'ap fè konnen se li ki wa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Exodus 33:14Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo.
Leviticus 9:24Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.
Numbers 16:3Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n' al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Seyè a y'ap viv. Seyè a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Seyè a konsa?
Judges 6:13Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.
2 Chronicles 13:12Se Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Seyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba.