1 Timothy 4:13
Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay.
Bib La
In The King James Version
Till I come, give attendance to reading, to exhortation, to doctrine.
In Context
Cross References
Deuteronomy 17:19Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l' chak jou jouk li mouri, pou l' ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye li a, pou l' ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l' ka fè tou sa yo mande l' fè ladan l'.
Psalms 1:2men ki pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, k'ap repase l' nan tèt li lajounen kou lannwit.
Proverbs 2:4Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan.
John 5:39N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.
Acts 17:11Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre.
1 Corinthians 14:3Okontrè, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo.