1 Timothy 5:21
Devan Bondye, devan Jezikri, devan tout zanj k'ap viv pou Bondye yo, men sa m'ap mande ou: swiv lòd sa yo san fè ni patipri ni moun pa nan tou sa w'ap fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè.
Cross References
Leviticus 19:15Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki.
Deuteronomy 33:9Yo pa konn papa! Yo pa konn manman! Yo pa konn frè! Yo pa konn pitit! Se lòd ou yo y'ap swiv, se kontra ou la y'ap kenbe fèm.
Psalms 119:34Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.
Malachi 2:9Se poutèt sa m'ap fè tout moun pèp Izrayèl yo derespekte nou. Y'ap pran nou pou vakabon, paske nou pa fè sa mwen mande nou fè. Nou gade sou figi moun lè pou n' di yo sa lalwa a mande.
Matthew 25:41Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.
Luke 20:21Espyon yo poze l' keksyon sa a: Mèt, nou konnen ou se moun serye. Tou sa ou di ak tou sa ou moutre nou se verite. Ou pa gade sou figi moun, men ou moutre chemen Bondye a jan li ye a.