1 Timothy 6:4
se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l'ap diskite tout tan, pou l'ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y'ap fè kont, y'ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 13:7Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.
Proverbs 26:12Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.
Acts 8:9Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg.
Acts 15:2Pòl ak Banabas pa t' dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antiòch moute Jerizalèm pou regle keksyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo.
Romans 2:8Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo.
Romans 13:13Ann mennen bak nou jan nou dwe, tankou moun k'ap viv gwo lajounen. Pa fè eksè nan manje ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch ni nan vis. Pa chache moun kont, pa fè jalouzi.