Akdèzapot 15:2
Pòl ak Banabas pa t' dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antiòch moute Jerizalèm pou regle keksyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 8:7Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò.
Acts 11:12Lespri a di m' pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frè sa yo te al ansanm avè m' tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kònèy.
Acts 15:4Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li.
Acts 15:22Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antiòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil.
Acts 15:27Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesaj la ak pwòp bouch yo.
Acts 21:18Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la.