2 Chronicles 12:13
Woboram te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l' byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disètan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Woboram te fè sa ki mal, paske li pa t' chache fè volonte Seyè a.
Cross References
Deuteronomy 12:5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 23:3Moun Amon yo ak moun Moab yo p'ap janm gen dwa parèt tèt yo nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye, ni pitit yo, ni pitit pitit yo, te mèt sou dis jenerasyon.
1 Kings 11:36M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a.
2 Chronicles 6:5Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete, ni mwen pa t' chwazi pesonn pou gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 13:7Apre sa, yon bann vòryen ak yon bann vakabon al mete tèt yo ansanm ak li, yo fòse Woboram, pitit gason Salomon an, yo fè l' fè sa yo vle, paske li te jenn, li te gen tèt fèb. Li pa t' ka kenbe tèt ak yo.
Nehemiah 13:26Mwen di yo: -Se peche sa a menm wa Salomon te fè! Atout pa t' gen tankou l' nan tout wa lòt nasyon yo, atout Bondye l' la te renmen l', atout se Bondye menm ki te mete l' wa sou tout pèp Izrayèl la, se madanm lòt nasyon yo ki te pran tèt li pou fè l' fè sa ki mal.