Deuteronomy 17:2
Si ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Seyè a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fè yon bagay ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 20:2-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.
Leviticus 26:25M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.
Deuteronomy 13:6Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,
Deuteronomy 29:18Piga pesonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan ankenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Seyè a, Bondye nou an, pou y' al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pesonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l'.
Deuteronomy 31:20Lè m'ap fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a, m'a fè yo manje plen vant yo, y'a viv alèz. Men, y'a kouri dèyè lòt bondye, y'a sèvi yo. Men mwen menm, y'a voye m' jete, y'a kraze kontra mwen te pase ak yo a.
Joshua 7:15Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la.