2 Chronicles 15:4
Men, lè malè tonbe sou yo, yo tounen nan pye Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo chache l', li kite yo jwenn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 3:9Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon nonm pou delivre yo. Se te Otonyèl, pitit gason Kenaz, ki te ti frè Kalèb.
2 Chronicles 15:15Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pesonn pa fòse yo, yo te soti pou yo te chache konnen volonte Seyè a. Seyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinaj yo.
Psalms 106:44Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele.
Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.
Isaiah 65:1Seyè a te di: -Mwen te tou pare pou m' te reponn lapriyè pèp mwen an, menm lè yo pa t' lapriyè m'. Mwen te toupre yo, menm lè yo pa t' chache m'. Pèp la pa lapriyè nan pye m', atout mwen te toujou pare pou m' di yo: Men mwen! Men mwen!
Hosea 14:1Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.