2 Chronicles 17:4
Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pa t' fè tankou wa Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 9:4Si ou mache devan m' tankou David, papa ou, ak tout kè ou jan ou dwe fè l' la, si ou fè tout sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, m'a fè gouvènman ou lan kanpe fèm nan peyi Izrayèl la pou tout tan,
1 Kings 12:30Se konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y' al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann.
1 Kings 13:33Apre tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye bagay li t'ap fè yo. Li t'ap chwazi moun nan pèp la toujou pou sèvi prèt nan tanp li te bati pou zidòl yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l' pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo.
2 Kings 8:18Li te marye ak yon pitit fi Akab. Tankou lòt moun fanmi Akab yo, li mache pye pou pye dèyè wa peyi Izrayèl yo. Li fè sa ki mal nan je Seyè a.
2 Chronicles 14:6Pandan tout tan sa a, peyi a pa t' nan dezòd, ni li pa t' nan fè lagè ak pesonn, paske Seyè a te ba li chans viv ak kè poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo.
2 Chronicles 22:9Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l' bay Jeou ki fè yo touye l'. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fè sa l' kapab pou l' sèvi Seyè a. Se konsa pa t' rete pesonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvènen.