2 Chronicles 22:9
Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l' bay Jeou ki fè yo touye l'. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fè sa l' kapab pou l' sèvi Seyè a. Se konsa pa t' rete pesonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvènen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 13:21ki pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l' byen fò: -Seyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a.
2 Kings 9:27Lè Okozyas, wa peyi Jida a, wè sa ki te rive, li kouri nan cha lagè li a nan direksyon lavil Betagan. Men, Jeou pati dèyè l'. Li di: —Touye l' tou. Yo blese l' sou cha a nan ti moute ki mennen lavil Gour, toupre lavil Jibleyam. Men, Okozyas kenbe jouk li rive lavil Megido. Se la li mouri.
2 Chronicles 17:3Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo.
2 Chronicles 19:3Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye.
2 Chronicles 21:17Yo anvayi peyi Jida, yo piye palè wa a, yo fè tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l' yo. Sèl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dènye a.
2 Chronicles 22:8Se konsa, pandan Jeou t'ap regle ak fanmi Akab la, li kontre kèk chèf peyi Jida ak ti fanmi wa Okozyas yo ki t'ap sèvi nan lame Okozyas la. Li touye tout.