2 Chronicles 17:9
Avèk liv lalwa Seyè a nan men yo, yo mache nan tout peyi a, yo ale nan tout lavil yo pou moutre pèp la sa pou li fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 31:11lè tout pèp Izrayèl la va vin adore Seyè a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fò devan yo tout, pou yo ka tande l' nan zòrèy yo.
2 Chronicles 35:3Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l' fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l' sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a.
Isaiah 8:20W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.
Matthew 10:23Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.
Matthew 15:2Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.
Luke 4:17Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l', li jwenn kote ki te ekri: