Deuteronomy 32:41
lè m'a file bèl nepe klere mwen an, lè m'a soti pou m' rann jistis, m'a tire revanj mwen sou lènmi m' yo, m'a bay moun ki pa vle wè m' yo sa yo merite.
Bib La
In The King James Version
In Context
40Men m'ap leve men m' anlè, mwen fè sèman: Menm jan nou wè m' vivan pou tout tan an,
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Deuteronomy 7:10Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a.
Psalms 7:12(07:13) Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.
Psalms 149:9pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!
Isaiah 27:1Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.
Isaiah 59:18L'ap pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l' yo, li pral tire revanj sou lènmi l' yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo.