2 Chronicles 19:4
Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lòt.
Cross References
Genesis 21:33Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an.
Judges 19:1Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida, pou fanm kay li.
1 Samuel 7:3Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.
2 Chronicles 15:8Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a.
2 Chronicles 29:10Se konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m' pase yon kontra ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò.
Matthew 25:16Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l' senkmil (5.000) goud benefis.