Matie 25:16
Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l' senkmil (5.000) goud benefis.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis.
Cross References
1 Chronicles 13:1David reyini tout chèf lamè a, ni sa ki te alatèt rejiman mil (01000) sòlda yo ni sa ki te alatèt divizyon san sòlda yo, li pran konsèy nan men yo.
1 Chronicles 28:2David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.
2 Chronicles 15:8Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a.
2 Chronicles 19:4Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a.
2 Chronicles 33:15Li wete tout estati zidòl lòt nasyon yo ak gwo estati ki te nan Tanp lan. Li kraze tout lotèl yo te bati sou mòn kote Tanp Seyè a te ye a ak nan lavil Jerizalèm. Li pran tout bagay sa yo, li voye yo jete an deyò lavil la.
Nehemiah 5:14Pandan tout douzan mwen pase gouvènè nan peyi Jida a, depi jou wa Atagzèsès te nonmen m' nan pòs sa a, lè sa a li t'ap mache sou ventan depi li te wa, rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen an, ni mwen ni ankenn moun lakay mwen, nou pa janm manyen lajan yo te dwe peye gouvènè a.