2 Chronicles 21:10
Se depi lè sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida a. Yo granmoun lakay yo. Se menm lè sa a tou, moun lavil Libna yo soti anba otorite peyi Jida a, paske Joram te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 31:17Lè sa va rive, m'a fè yon sèl kòlè anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankò. Se peri y'a peri. Tout kalite malè ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lè sa a y'a blije rekonèt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankò kifè tout malè sa yo rive yo.
Joshua 10:29Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y' al atake lavil Libna.
Judges 10:13Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n' al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò.
1 Kings 11:33Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.
2 Chronicles 13:10Men nou menm, se Seyè a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prèt k'ap sèvi devan Seyè a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sèvis yo se moun Levi yo ye.
2 Chronicles 28:6Se konsa, yon sèl jou Peka, pitit Remalya, touye sanvenmil (0120.000) sòlda, tout vanyan gason, nan peyi Jida a, paske pèp la te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.