The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 21 › 2 Chronicles 21:11

2 Chronicles 21:11

Li te menm rive fè bati tanp pou sèvi zidòl nan mòn peyi Jida yo. Li lakòz moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye. Li fè peyi Jida a pèdi wout li.

Bib La

In The King James Version

Moreover he made high places in the mountains of Judah, and caused the inhabitants of Jerusalem to commit fornication, and compelled Judah thereto.

In Context

10Se depi lè sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida a. Yo granmoun lakay yo. Se menm lè sa a tou, moun lavil Libna yo soti anba otorite peyi Jida a, paske Joram te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.

12Se konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di: -Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou.

Read all of 2 Chronicles 21

Cross References

Exodus 34:16Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm.

Leviticus 20:5se mwen menm ki p'ap okipe l' ankò, li menm ak tout fanmi l'. M'ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k'ap vire do ban mwen tankou l' pou y al sèvi Molòk.

Deuteronomy 31:16Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a.

1 Kings 14:9Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache.

2 Kings 9:22Joram mande l': —Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: —Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?

2 Chronicles 21:13Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 21:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 21:102 Chronicles 212 Chronicles 21:12 →