Deuteronomy 29:25
Y'a reponn yo: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 19:10Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
Isaiah 24:1Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.
Jeremiah 22:8Apre sa, anpil moun lòt nasyon va pase bò lavil la. Yonn va mande lòt: Poukisa Seyè a fè gwo lavil sa a sa?
Jeremiah 31:32Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa!
Jeremiah 44:3Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m' fache anpil sou yo. Yo t' al ofri lansan bay lòt bondye, yo t' al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pa t' janm konnen.
Hebrews 8:9Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t' okipe yo tou.