2 Chronicles 29:26
Moun Levi yo al nan plas yo ak enstriman mizik David yo. Prèt yo te la tou ak twonpèt yo.
Bib La
In The King James Version
And the Levites stood with the instruments of David, and the priests with the trumpets.
In Context
Cross References
Numbers 10:10Konsa tou, lè kè nou kontan, lè n'ap fete fèt yo, lè premye jou chak mwa rive avèk lalin nouvèl lan, n'a kònen twonpèt yo tou pandan n'ap fè ofrann pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè sa a m'a vin ede nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
1 Chronicles 15:24Men non prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra a. Se te Chebanyas, Jozafa, Netaneyèl, Amasayi, Zakari, Benaja ak Elyezè. Obèd-Edon ak Jebija te la pou pote Bwat Kontra a tou.
1 Chronicles 23:5katmil (04000) pou fè pòs nan pòtay la ak katmil (04000) pou fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik David te fè fè pou sa.
Psalms 81:3(081:4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!
Psalms 98:5Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!
Isaiah 38:20Seyè a delivre m'! N'a fè mizik sou tout enstriman mizik nou yo n'a chante nan kay Seyè a pandan tout lavi nou.