2 Chronicles 29:27
Ezekyas bay lòd pou yo boule ofrann yo nèt sou lotèl la. Lè yo konmanse seremoni an, pèp la pran chante pou Seyè a, yo t'ap kònen twonpèt anmenmtan yo t'ap jwe lòt enstriman mizik David, wa peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Moun Levi yo al nan plas yo ak enstriman mizik David yo. Prèt yo te la tou ak twonpèt yo.
Cross References
2 Chronicles 7:3Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
2 Chronicles 20:21Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou!
2 Chronicles 30:21Konsa pandan sèt jou, moun pèp Izrayèl ki te sanble lavil Jerizalèm yo fete fèt Pen san ledven yo avèk anpil kè kontan. Chak jou, prèt yo ak moun Levi yo menm t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe enstriman mizik yo byen fò pou Seyè a.
Psalms 137:3Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!