The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 30 › 2 Chronicles 30:10

2 Chronicles 30:10

Mesaje yo ale toupatou nan peyi moun Efrayim ak moun Manase yo, yo pase nan tout lavil yo, yo rive jouk nan peyi moun Zabilon yo. Men, moun t'ap ri yo, yo t'ap pase yo nan betiz.

Bib La

In The King James Version

So the posts passed from city to city through the country of Ephraim and Manasseh even unto Zebulun: but they laughed them to scorn, and mocked them.

In Context

9Si nou tounen vin jwenn Seyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, l'a kite yo tounen nan peyi yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, l'a louvri bra l' ban nou.

11Tansèlman, te gen kèk moun nan branch fanmi Asè, nan branch fanmi Manase ak nan branch fanmi Zabilon ki rekonèt fòt yo epi ki moute lavil Jerizalèm.

Read all of 2 Chronicles 30

Cross References

2 Chronicles 30:6Se konsa yo voye mesaje nan tout peyi Jida a ak nan tout peyi Izrayèl la avèk lèt wa a te siyen ansanm ak chèf li yo. Dapre lòd wa a te bay, men mesaj yo t'ap mache fè konnen: -Nou menm rès pèp Izrayèl la, nou menm ki te chape anba men wa peyi Lasiri yo lè yo te anvayi peyi a, tounen vin jwenn Seyè a, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl la, konsa l'a tounen vin jwenn nou tou.

Nehemiah 2:19Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: -Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!

Esther 3:15Dapre lòd wa a, mesaje yo kouri pote mesaj la nan tout pwovens yo. Yo pibliye nouvèl la tou nan lavil Souz, kapital la. Tout lavil Souz te tèt anba, wa a menm te chita ap bwè ak Aman.

Esther 8:14Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou.

Job 12:4Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'.

Luke 16:14Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 30:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 30:92 Chronicles 302 Chronicles 30:11 →