2 Chronicles 30:21
Konsa pandan sèt jou, moun pèp Izrayèl ki te sanble lavil Jerizalèm yo fete fèt Pen san ledven yo avèk anpil kè kontan. Chak jou, prèt yo ak moun Levi yo menm t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe enstriman mizik yo byen fò pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Seyè a tande lapriyè Ezekyas te fè a, li padonnen pèp la.
Cross References
Exodus 13:6Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Seyè a.
Deuteronomy 12:7Se la, devan Seyè a, Bondye nou an, n'a fè fèt, n'a manje ansanm ak tout moun nan fanmi nou yo. Se la n'a fè kè nou kontan chak lè Seyè a va beni nou pou li te fè nou fè bèl rekòt.
Deuteronomy 16:14N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a.
2 Chronicles 20:21Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou!
2 Chronicles 29:27Ezekyas bay lòd pou yo boule ofrann yo nèt sou lotèl la. Lè yo konmanse seremoni an, pèp la pran chante pou Seyè a, yo t'ap kònen twonpèt anmenmtan yo t'ap jwe lòt enstriman mizik David, wa peyi Izrayèl la.
2 Chronicles 30:26Se te gwo fèt nan lavil Jerizalèm, paske depi sou rèy Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, pa t' janm gen bagay konsa lavil Jerizalèm.