2 Chronicles 34:30
Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki nan liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 1:17Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.
2 Kings 23:2Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm avèk prèt yo, pwofèt yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki te nan Liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.
2 Chronicles 6:1Lè sa a, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa.
2 Chronicles 17:7Li te gen twazan depi li te wa lè li voye kèk chèf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pèp la sa pou l' fè. Men non chèf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyèl ak Mikaya.
2 Chronicles 34:15Ilkija pale ak Chafan, sekretè a, li di l' li jwenn liv Lalwa a nan Tanp Seyè a. Epi li ba li l'.
2 Chronicles 34:24men mesaj Seyè a voye ba li: Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo, jan sa ekri nan liv yo li pou wa peyi Jida a.