The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 34 › 2 Chronicles 34:31

2 Chronicles 34:31

Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lalwa Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li, lèfini pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la.

Bib La

In The King James Version

And the king stood in his place, and made a covenant before the LORD, to walk after the LORD, and to keep his commandments, and his testimonies, and his statutes, with all his heart, and with all his soul, to perform the words of the covenant which are written in this book.

In Context

30Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki nan liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.

32Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a.

Read all of 2 Chronicles 34

Cross References

Deuteronomy 6:5Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.

Deuteronomy 29:1Men pawòl ki te nan kontra Seyè a te bay Moyiz lòd pase ak moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan peyi Moab la. Kontra sa a te vin mete sou kontra li te deja fè ak yo sou Mòn Orèb la.

Joshua 24:25Se konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv.

2 Kings 11:14Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l' kase. Li chire rad sou li, li rele: —Men yo moute yon konplo sou do m!

2 Chronicles 6:13Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l' nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l' anlè,

2 Chronicles 15:15Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pesonn pa fòse yo, yo te soti pou yo te chache konnen volonte Seyè a. Seyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinaj yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 34:31

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 34:302 Chronicles 342 Chronicles 34:32 →