The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 35 › 2 Chronicles 35:22

2 Chronicles 35:22

Men, Jozyas te soti pou goumen avè l'. Li derefize koute mesaj Neko te voye ba li a, mesaj ki te soti nan bouch Bondye menm. Se konsa, li degize kò l', li al goumen avè l' nan plenn Megido a.

Bib La

In The King James Version

Nevertheless Josiah would not turn his face from him, but disguised himself, that he might fight with him, and hearkened not unto the words of Necho from the mouth of God, and came to fight in the valley of Megiddo.

In Context

21Men Neko voye misyon sa a bay Jozyas: -Ou wè ou menm, wa peyi Jida, pa antre nan lagè sa a tande! M' pa vin pou m' goumen avè ou, men se avèk yon lòt nasyon mwen gen kont. Bondye di m' pa mize. Tanpri, pou pwòp byen ou, pa kenbe tèt ak Bondye ki avè m'. Konsa li p'ap detwi ou.

23Pandan batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l' yo: -M' blese anpil. Mennen m' ale.

Read all of 2 Chronicles 35

Cross References

Joshua 17:11Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.

1 Kings 14:2Jewoboram di madanm li: -Abiye ou yon jan pou pesonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete; se li ki te di m' mwen tapral gouvènen pèp Izrayèl la.

1 Kings 22:34Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.

2 Kings 23:30Ofisye lame wa Jozyas yo pran kadav la, yo mete l' sou yon cha soti Megido, yo mennen l' lavil Jerizalèm kote yo antere l' nan kavo li. Apre sa, pèp la pran Joakaz, pitit Jozyas, yo mete l' apa devan Bondye pou l' sèvi wa nan plas papa l'.

2 Chronicles 18:29Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou men, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, li al goumen.

Jeremiah 22:15Eske w'ap yon pi bon wa paske ou bati kay ou ak bwa sèd pou li pi bèl pase pa lòt moun? Papa ou te manje, li te bwè tankou tout moun. Men, li te fè sa ki dwat, li pa t' fè lenjistis. Tout zafè l' te mache byen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 35:22

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 35:212 Chronicles 352 Chronicles 35:23 →