2 Chronicles 36:20
Li pran tout moun ki pa t' mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l', li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:47Bondye te ban nou tou sa nou te bezwen. Men malgre sa, nou pa t' sèvi l' tout bon ak kè kontan.
2 Chronicles 36:22Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye, voye l' toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:
Ezra 2:1Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
Isaiah 47:6Wi, mwen te move sou pèp mwen an. Mwen pa t' aji ak yo tankou moun pa m'. Mwen te lage yo nan men ou. Men, ou te san pitye pou yo. Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo.
Jeremiah 27:7Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou.
Micah 4:10Tòde kò nou, nou menm moun lavil Jerizalèm! Plenn tankou fanm ki sou choukèt! Paske, koulye a nou pral soti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilòn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Seyè a ap vin wete nou nan men lènmi nou yo.