2 Chronicles 4:6
Li fè fè dis lòt basen an kwiv. Li mete senk sou bò dwat ak senk sou bò gòch. Se la yo te lave vyann bèt yo te gen pou boule nèt sou lotèl la. Prèt yo menm te sèvi ak dlo ki te nan gwo basen lan pou lave kò yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:4W'a fè Arawon ansanm ak pitit gason l' yo vanse jouk devan pòt Tant Randevou a. W'a benyen yo nan dlo.
Leviticus 1:9Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
1 Kings 7:38Iram te fè dis basen tou, yonn pou chak kabwa. Chak basen te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa.
2 Chronicles 4:2Li fè fè ankò yon gwo basen an kwiv tou won pou mete dlo. Basen lan te mezire kenz pye lajè ak sèt pye edmi wotè. Le ou mezire wonn li, li ba ou karannsenk pye.
Ezekiel 40:38Nan gwo lakou deyò a te gen yon chanm bò pòtay nò ki mennen nan ti lakou anndan an. Chanm sa a te louvri sou gwo chanm lan ki bay sou gwo lakou a. Se la yo te lave vyann bèt yo te fin touye anvan y' al boule yo nèt sou lotèl la.
Hebrews 9:14nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.