2 Chronicles 5:14
Poutèt nwaj la, prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 40:35Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
2 Chronicles 7:1Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri.
2 Chronicles 20:6Li lapriyè byen fò, li di: -Seyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pesonn pa ka kenbe tèt avè ou.
Ezekiel 10:4Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a.
Revelation 15:8Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.