2 Corinthians 2:16
Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
John 9:39Lè sa a, Jezi di: Mwen vin sou tè a pou yon jijman: Moun ki avèg yo pral wè. Men moun ki wè yo pral tounen avèg.
Acts 20:26Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab.
2 Corinthians 3:5Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouraj mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m' ka fè li.
1 Peter 2:7Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.