2 Corinthians 7:2
Tanpri, ban m' yon ti plas nan kè nou! (Konprann mwen byen). Mwen pa fè pesonn okenn mal, pesonn pa ka di mwen lakòz yo pèdi pozisyon yo. Pesonn pa ka di mwen pwofite sou yo.
Bib La
In The King James Version
Receive us; we have wronged no man, we have corrupted no man, we have defrauded no man.
In Context
Cross References
Numbers 16:15Lè sa a, Moyiz fè yon sèl fache, li di Seyè a konsa: -Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafè yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fè yonn ladan yo anyen.
Matthew 10:14Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou.
Luke 10:8Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou.
Romans 16:18Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.
2 Corinthians 4:2Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.
2 Corinthians 6:12Se pa mwen ki te fèmen kè m' ban nou, se nou menm ki te fèmen kè nou ban mwen.