2 Kings 18:32
Lè wa a va vin isit la pita, la pran nou, la mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven, yon peyi kote ki gen pye oliv pou fè lwil oliv ak anpil siwo myèl. Konsa n'a viv, nou p'ap mouri. Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a?
Cross References
Numbers 13:26yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo Kadès, nan dezè Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wè, yo moutre yo fwi yo te pote yo.
Deuteronomy 8:7Men, Seyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo,
Deuteronomy 11:12Se yon peyi Seyè a, Bondye nou an, ap pran swen, yon peyi l'ap veye pou anyen pa rive l' depi premye jou nan lanne a rive dènye jou a.
2 Kings 17:6Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
2 Kings 18:11Salmanaza fè tout moun peyi Izrayèl yo prizonye. Li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan an, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
2 Kings 24:14Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (010.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.