The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 2 › 2 Kings 2:3

2 Kings 2:3

Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: —Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!

Bib La

In The King James Version

And the sons of the prophets that were at Bethel came forth to Elisha, and said unto him, Knowest thou that the LORD will take away thy master from thy head to day? And he said, Yea, I know it; hold ye your peace.

In Context

2Eli di Elize konsa: —Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.

4Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a te ban m' lòd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko.

Read all of 2 Kings 2

Cross References

Deuteronomy 33:3Seyè a renmen tout pèp sou latè. Men, li pwoteje tout moun k'ap viv apa pou li. Yo bese nan pye l'. Yo resevwa lòd l'ap ba yo.

1 Samuel 10:10Lè Sayil rive lavil Gibeya ak domestik li a, yon bann pwofèt vin kontre avè l'. Lespri Bondye a desann sou li epi li pran danse, li pran bay mesaj tankou yo.

1 Kings 18:4Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (0100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.

2 Kings 2:5Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: —Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.

2 Kings 2:15Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: —Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.

2 Kings 4:38Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: —Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 2:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 2:22 Kings 22 Kings 2:4 →