2 Kings 21:3
Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 17:3pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,
1 Kings 18:21Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: -Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Seyè a ki Bondye, se li pou n' sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n' sèvi! Men pèp la pa di yon mo.
2 Kings 8:18Li te marye ak yon pitit fi Akab. Tankou lòt moun fanmi Akab yo, li mache pye pou pye dèyè wa peyi Izrayèl yo. Li fè sa ki mal nan je Seyè a.
2 Kings 10:18Apre sa, Jeou reyini tout pèp lavil Samari a, li di yo: —Akab te sèvi Baal yon ti kras, mwen menm m'ap sèvi l' plis pase l'.
2 Kings 17:16Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.
2 Kings 18:22Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini, li mande tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm pou yo vin devan yon sèl lotèl la?