Deuteronomy 17:3
pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 11:16Fè atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n' al sèvi lòt bondye, pou n' al adore yo.
2 Kings 21:3Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.
Jeremiah 7:22Lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti peyi Lejip, mwen pa t' ba yo ankenn lòd sou bèt pou yo te boule nan dife pou mwen, ni sou bèt pou yo te touye pou mwen.
Jeremiah 8:2Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.
Jeremiah 32:35Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benninon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pa t' janm ba yo lòd fè, bagay ki pa t' janm vin nan lide m'. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche.