2 Kings 21:4
Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Li fè bati lotèl nan de lakou tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la.
Cross References
Exodus 20:24N'a bati yon lòtèl an tè pou mwen. Se sou li n'a ofri bèt n'a touye pou boule nèt yo ak bèt n'a touye pou di mèsi. Se sou li n'a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m'a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m'a vin jwenn nou la, m'a beni nou.
2 Samuel 7:13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
1 Kings 9:3Seyè a di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m' tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l'.
2 Kings 16:11Se konsa, Ouri gen tan bati yon lotèl sou modèl wa Akaz te voye ba li soti Damas la anvan menm Akaz tounen soti Damas.
2 Kings 23:12Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.
2 Chronicles 6:5Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete, ni mwen pa t' chwazi pesonn pou gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.