2 Kings 21:5
Li fè bati lotèl nan de lakou tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
And he built altars for all the host of heaven in the two courts of the house of the LORD.
In Context
Cross References
1 Kings 6:36Li fè bati yon lakou fèmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fèt ak yon ranje madriye sèd pou chak twa ranje wòch yonn sou lòt.
2 Kings 23:4Apre sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l' yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl.
2 Kings 23:12Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.
2 Chronicles 33:5Li fè bati lotèl nan de lakou tanp Seyè a pou tout zetwal ki nan syèl la.
Ezekiel 8:16Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve.
Ezekiel 40:32Apre sa, nonm lan fè m' pase nan pòtay bò solèy leve a pou antre nan ti lakou anndan an. Li mezire pòtay la, li jwenn li te menm fòs ak lòt pòtay yo.