2 Peter 1:9
Men, moun ki pa gen bagay sa yo nan yo, y'ap tankou yon avèg ki pa wè lwen, yo bliye jan Bondye te netwaye yo anba vye peche yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 13:55Sou setyèm jou a, l'a egzaminen l' ankò. Si li wè kote ki te vle kanni an rete menm jan an, menm si li pa gaye sou rès twal la, bagay la pa nan bon kondisyon, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l'. Se pou yo boule l' nan dife, kanni an te mèt sou lanvè ou sou landrèt li.
Luke 18:22Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.
Romans 6:1Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou?
2 Corinthians 4:3Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo.
Galatians 5:13Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
Titus 2:14Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.