2 Peter 3:15
Konprann sa byen, se pou nou ka sove kifè Seyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou. Se sa menm frè Pòl, bon zanmi nou an, te ekri nou dapre bon konprann Bondye te ba li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 31:6Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l' nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l' pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a.
Exodus 35:35Seyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay.
1 Kings 3:28Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.
Ezra 7:25Ou menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li.
Ecclesiastes 2:26Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.
Luke 21:15Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.