2 Samuel 21:3
Se konsa David voye chache yo, li mande yo: -Kisa m' ka fè pou nou? Ki jan pou m' repare tou sa nou sibi pou nou ka rale benediksyon sou pèp Seyè a?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:30Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m'a wè si m' ka jwenn padon pou peche nou an.
1 Samuel 2:25Si yon moun fè yon lòt yon bagay mal, Seyè a ka pran defans li. Men lè se Bondye menm yon moun fè mal, ki moun ki va pran defans li? Men, mesye yo pa t' vle koute sa papa a t'ap di yo, paske Seyè a te fin pran desizyon l' pou l' te touye yo.
2 Samuel 20:19Lavil nou se yonn nan lavil peyi Izrayèl yo kote ki pa gen dezòd. Lèfini, li pa janm vire do bay wa a. Poukisa w'ap chache detwi l'? Se kraze ou vle kraze sa ki pou Seyè a?
Micah 6:6Lè sa a, pèp la di: Kisa m'a pote ofri bay Seyè a, Bondye ki nan syèl la, lè m'a vin adore l'? Eske m'a pote pou li jenn ti towo bèf ki fèk gen ennan pou yo ka boule pou li?
Hebrews 10:4Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p'ap janm ka wete peche moun.