2 Samuel 23:10
Men, li menm, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li touye moun jouk li gen lakranp nan men l'. Li pa t' ka louvri men l' pou l' lage nepe a. Jou sa a, Seyè a goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. Apre sa, lame pèp Izrayèl la tounen kote Eleaza te ye a, yo pran tou sa lènmi yo te kite.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 10:42Jozye te pran tout wa sa yo ak tout peyi yo nan yon sèl soti, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, t'ap goumen pou pèp la.
Judges 15:14Lè yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l', yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l' yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife.
1 Samuel 11:13Men, Sayil di yo konsa: -Nou p'ap touye pesonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Seyè a delivre pèp Izrayèl la.
1 Samuel 14:23Se konsa jou sa a, Seyè a te sove pèp Izrayèl la. Yo rive jouk lòt bò lavil Bèt-Avenn, yo t'ap goumen toujou.
1 Samuel 19:5Li riske lavi li lè l' al touye sòlda Filisti a. Se konsa Seyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa koulye a ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l' pa fè anyen?
2 Kings 5:1Naaman, kòmandan lame wa peyi Siri a, te yon nonm wa a te renmen anpil. Li te ba li anpil favè paske se gremesi Naaman Seyè a te fè peyi Siri a genyen nan tout batay li yo. Se te yon vanyan sòlda, men li trape yon move maladi po.