The Bible Software
bible.software › 2 Samuel › 2 Samuel 24 › 2 Samuel 24:13

2 Samuel 24:13

Gad vin jwenn li lakay li. Li fè l' konnen mesaj Seyè a te ba li a. Li di l' konsa: -Kisa ou vle? Sèt lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi ou, osinon twa jou epidemi nan tout peyi a. Al kalkile sou sa pou ou fè m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan.

Bib La

In The King James Version

So Gad came to David, and told him, and said unto him, Shall seven years of famine come unto thee in thy land? or wilt thou flee three months before thine enemies, while they pursue thee? or that there be three days’ pestilence in thy land? now advise, and see what answer I shall return to him that sent me.

In Context

12Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa: -Al di David mwen ba li twa chatiman pou li menm li chwazi yonn ladan yo. Sa l'a chwazi a se sa m'a fè l'.

14David reponn: -Mwen nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a menm ki pini m', paske li gen bon kè.

Read all of 2 Samuel 24

Cross References

Leviticus 26:16men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo.

Leviticus 26:25M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.

Deuteronomy 28:22L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmen ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt.

Deuteronomy 28:27Seyè a va fè bouton leve sou tout kò nou, menm jan li te fè moun peyi Lejip yo, n'a gen apse, lagal, pyas, epi nou p'ap ka jwenn gerizon pou maladi po sa yo.

Deuteronomy 28:52Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.

2 Samuel 21:1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Samuel 24:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Samuel 24:122 Samuel 242 Samuel 24:14 →