2 Kings 21:7
Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l' nan Tanp lan, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 7:13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
1 Kings 8:44Lè pèp ou a va pati al goumen ak lènmi l' yo, nenpòt ki bò w'a voye yo, lè y'a vire tèt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou,
1 Kings 9:7lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.
2 Kings 21:4Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm.
2 Kings 23:27Se poutèt sa, Seyè a di: —Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m' menm jan m' te fè l' pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m' pral voye l' jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a.
2 Chronicles 7:12Seyè a fè Salomon wè l' ankò yon jou lannwit. Li di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye m'. M' chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen.