2 Samuel 8:14
Li mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Edon an. Moun Edon yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 25:23Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a.
Genesis 27:37Izarak reponn Ezaou: -Mwen mete l' chèf sou ou. Mwen fè tout rès fanmi an tounen moun k'ap sèvi l'. Mwen ba li mezi pwovizyon l'. Kisa m' ka fè pou ou ankò, pitit mwen?
Numbers 24:18Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè.
2 Samuel 7:9Nan tou sa ou t'ap fè, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.
1 Kings 11:15Men istwa Adad: Lontan sa, nan tan David t'ap fè lagè ak peyi Edon, Joab, kòmandan lame li a, te moute nan peyi Edon al antere kadav sòlda pèp Izrayèl yo ki te mouri nan lagè a. Lèfini, yo touye dènye gason ki te nan peyi a.
1 Kings 22:48Jozafa te fè fè kèk gwo batiman, tankou batiman moun Tasis yo, pou al chache lò nan peyi Ofi. Men, batiman yo pa janm rive al fè vwayaj la, paske yo kraze bò Ezyongebè.